Categories
News

Premye Bilten Alewife Study Group (ASG) ki sòti nan lane  2021

Bilten, Mwa-d Mas, 2021 

Premye Bilten Alewife Study Group (ASG) ki sòti nan lane  2021. 

Nan bilten sa wap jwen anpil dènye nouvèl depi IQHQ (moun ki ap fè konstriksyon sa) te prezante yon pwopozisyon  an Janvye sou devlopman laboratwa ak yon gwo biwo nan ansyen kote sa yo rele WR Grace, ki nan North Cambridge.

Nan pwogram sa IQHQ planifye pou-l bati nouvo bilding ak anpil lot bagay pou kominote ki rete nan zòn Jerry’s Pond (atravè estasyon tren roug la ki nan Alewife). Lap fè 2 chemen pou separe  pyeton  avek bisiklèt.

 Kounye a se yon moman enpòtan pou di moun IQHQ yo ki sa  nou vle anvan yo bay  majistra-a avek moun ki nan Komisyon Planifikasyon an plan travay la. Yo pa ka fè anyen pou nou  si nou pa pale kounye-a.

Nap kontinye enfòme-w ak plis enfòmasyon ou pral jwenn sou adrès entènèt oganizasyon nou an ki rele ASG. Klike sou ekriti ble yo   pou li plis  enfòmasyon  ki trè enpòtan.

Nou espere voye enfòmasyon sa  yo chak 2 semèn lè IQHQ kòmanse prepare pou konstriksyon sa.

Nou ta renmen tout moun pou chita sou tab la avèk nou pou yo kapab  ofri nou paticipasyon yo, ak bon lide yo genyen sou travay sa. Si-w poko enskri, tanpri ranpli fòm sa, klike sou liy ble a http://alewife.org/

Evènman kap vini sou devlopman an 

Mèkredi sòti nan 4pm- 6pm; nap genyen yon enfòmasyon sesyon òganize avèk moun ki nan legliz rezèvwa,   zanmi  ki sòti nan  Jerry Pond, ak ASG. Vini pote paticipasyon-w. epi pran ti kado nou pote pou-ou. Wap jwen nou nan bilding ki nan Rindge Ave nan nimero 402.

IQHQ pral fè yon reyinyon pou  piblik  la nan fen mwa-d Avril la, poul revize plan konstriksyon-an (nou poko gen yon dat) 

Apre reyinyon mwa-d Avril la, ASG ap fè yon reyinyon  pou kominote a. Nou envite-w pou vini diskite sou plan-an ak desisyon moun IQHQ yo te pran. Konsa, nap kapap prepare plis  kesyon sou pwoblèm ki nan kominote a pou nou mande moun ki nan IQHQ yo.

Nou ta renmen oganize kèk gwoup nan tan kap vini yo. Nap fè 4 gwoup, yon gwoup pou nou pale sou sèvis piblik, lot gwoup yo se pou moun ki rete nan zòn Rindge Ave, Whittermore Ave, Clifton Street, ak Mass Ave. Si ou ta renmen patisipe nan yon gwoup, ranpli fòm sa wap jwen nan  Alewife.org.

 Atansyon 

ASG afiche infomasyon ak videyo sou entènèt la.  tout sa ki te diskite  nan reyinyon kominote ki te fèt nan mwa-d  Janvye a. Reyinyon sa a te gen ladan prezantasyon sou sijè sa yo ki gen rapò ak devlopman IQHQ la, li pale de tè a, plan  ak regilasyon bilding la,  ak tout problem ki anba tè a ki ka prezante yon danje pou sante moun ki nan kominote a, klike sou sa pou kapab li: Slides & Video, ASG Jan 14, 2021 Community Meeting

Gen twa  papye  ki trè enpòtan nou mete sou entènèt la klike sou sa pou kapab li enfòmasyon sa yo: ASG’s Jan 2021 Community Meetings Questions & Comments – Alewife Study Group

  • Men sa wap jwenn sou entènèt la: 
  • Tout moun kite patisipe nan reynyon kite fèt nan jou 14 ak 31 mwa-d Janvye a.
  • Nan mwa-d Janvye ki soti pase a, ASG te voye yon lèt bay moun ki nan IQHQ yo ki pale de pwoblem ki nan kominote a.
  • Nan mwa-d Fevriye, ASG te voye yon rapò bay moun ki nan IQHQ yo, ki mande kesyon ak pwoposityon. ASG te pale ki jou nou ka pran pou nou rankontre moun ki nan IQHQ yo.

ASG te rankontre ak IQHQ 4 fwa nan mwa-d Fevriye-a pou diskite bagay ki nan rapò 12 Fevriye a. Men sa yo te di nou:

  • IQHQ ap kenbe dènye pati ki nan  Harvey St. la fèmen, sèlman machin kap kouri an ijans avek peyton ak bisiklèt kap kapab pase. 
  • Whittermore Ave ki sou kote IQHQ ap ouvri sèlman pou machin kap kouri an ijans avèk pyeton ak bisiklèt.
  • Si wap sòti nan garaj la, ou pa kapab vire machin ou nan Whittermore Ave, men ou kapab antre nan Alewife Brook Parkway ak Route 2.
  • ASG mande konpayi a pou yo fè 2 chemen, yon-n pou bisiklet, lot la pou  pyeton. Nap kontinye mande sa juskaske nou jwen yon repons paske nou enkyete  anpil pou peyton yo.
  • IQHQ ap pran anpil pwekosyon pou-l pa fouye tè a twò fon paske genyen kontaminasyon ki ka mete sante kominote an danje.
  • IQHQ panse anpil pou pwoteje anviwònman- an. Li panse itilize bon pwodwi ak soley panel sou tet bilding yo ak garaj la.

ASG  mande  Janèt Sweet ki se yon konsiltan  pou anviwònman pou  ekri yon infomasyon sou  Kontaminasyon Anviwonman,  Janèt bay yon plan pou fouye tè a ki kapap diminye pousyè  ak bri: Klike sou sa pou kapab li: IQHQ’s Required Environmental Process Filings, Summarized on March 1, 2021 – Alewife Study Group

Epitou, sou demann ASG a, IQHQ afiche yon delè nan orè aplikasyon pèmi yo, ou kapab wè  tout pa yo pran; klike sou sa :http://iqhqcommunityprocess.com

ASG te rankontre ak Zanmi  ki sòti nan  Jerry Pond yo  ak Legliz Rezèvwa (ki patwone Foutbòl pou ti moun yo nan mwa-s ete),  ASG diskite sou fason nou ka travay ansanm pou sipòte ak reprezante kominote ya pandan devlopman  pwojè IQHQ a.

IQHQ ap travay sou lwa Wetlands Protection Act ak Cambridge Commision Conservation. Komisyon sa te ranpli tout fòm yo anvan yo kòmanse konstriksyon. Klike la pou kapab wè fòm sa yo: http://alewife.org/conservation-commission-public-hearing-2-8-700pm/

ConComm te vizite kote yap fè kostriksyon a,  ansanm ak manm ASG, ak zanmi ki soti nan  Jerry Pond (FOJP), Cambridge Plant and Garden Club,https://cambridgeplantandgardenclub.org

Nan yon reyinyon ke te fèt apwè, ConComm koute tou sa moun nan zòn nan te di ki pose enkyetid. ConComm mande Majistra a  pou voye yon syantis ki konen byen pou fè yon vizit sou tè a pou konfime travay la pa jen magouy ak sa konpayi IQHQ te di. IQHQ te fè nou konen  lap pran echantiyon tè ki tou prè marekaj yo sèlman lè yo fin-n verifye limit yo.

http://alewifeneighbors.org (ANI) te voye yon lot  konsiltan marekaj san pati pri pou  vizite konstriksyon plas la ak pou gade pwoblem li ka prezante pou kominote a . ANI pral pataje rapò  sa lèl  jwen tout enfomasyon yo.

Men yon lot enfomasyon ki ba nou anpil enkyetid  sou Jefferson Park ki nan Rindge Ave la. Genyen 175 Kay ki te bati pou sèvi moun ki te soti batay nan Dezyèm Gè Mondyal la, kounye a yo pwopose pou yo  ajoute  120 nouvo kay plis 175 kay  ki te la deja yo. Pwopozisyon sa ogmante plis bilding nan katye sa a.  Nou pè pou yo pa detwi anpil pye bwa ak kraze pak yo.

Enskri pou reyinyon an kap fèt nan mwa-d  Avril la

 https://us02web.zoom.us/meeting/register/tZArce2vqzwoHdyUfvTWRHwzUfDURTxMsvZp

Mesi pou atansyon-w te ba nou nan efò nap fè pou pwoteje kominote-a.